+(509) 37 36 58 28 (whatsapp, imo...appels d'urgence) info@ulh.edu.ht

Faire un don a l’ULH

Soutenez ULH en faisant un don dès aujourd'hui!

FAIRE UN DON

Vous êtes une personne physique ou morale et vous faites du parrainage ou du mécénat ? Voulez-vous soutenir financièrement un ou plusieurs étudiants ?
Veuillez remplir ce formulaire et le service concerné entrera en contact avec vous.

Facebook Posts

Privatizasyon ak nasyonalizasyon

Fok nou dakò tout eksplikasyon sitiyasyon ekonomi peyi a jounen jodia depann de chwa nou te fè sa pangen lontan la ant privatizasyon ak nasyonalizasyon.

Avan nou ale pi lwen kisa mo sa yo vle di?

Mo yo eksplike tèt yo deja. Nan privatizasyon nou wè prive, privatize. Nan nasyonalizasyon nou wè nasyonalize oubyen kolektivize. Toulede ka aplike nan administrasyon piblik pou oryante founiti, finansman ak jesyon sèvis piblik yo! Lè Leta sispann jesyonè privilejye kèk sèvis piblik epi li pase mayèt la bay sektè prive oubyen bay nenpòt òganis nasyonal, entènasyonal pandanl gade yon aksyon enpòtan ladanl, nou pale de PRIVATIZASYON. Men tou, lè yon enstitisyon ap eksele nan yon eksplwatasyon yon domèn detèmine opwen ke yon sèvis piblik vle depann de li opwofi tout yon kolektivite, Leta ka chwazi mete sèvis sila a nan ajennda oubyen sou kont administrasyon piblik; lè sa a jesyon ak finansman an ap depann de li: nan ka sa yo pale de NASYONALIZASYON.

Nan nouvèl dòn ekonomik mondyal la anpil peyi antre nan operasyon privatizasyon byen ak sèvis piblik. Men sa pa etonan tou pou nou jwenn anpil peyi kap fè envès la, sa vle di soti nan privatizasyon antre nan nasyonalizasyon. Chwa sa toujou depann de oryantasyon politik ou ekonomik yon peyi. Ou ka remake peyi ki tandans kapitalis yo (capitalisme) ap PRIVATIZE alòske sila yo ki kominis oubyen sosyalis yo ap NASYONALIZE.

An nou pran kèk egzanp. Te gen yon lè an Ayiti anpil byen ak sèvis te pou Leta oubyen se Leta ki tap jere yo: telekominikasyon (Teleco) pwodiksyon endistriyèl nan zafè agwoalimantè (Minotri...). Apre sa ou tande Keta pap jere yo ankò. Pou listes ak laverite, an nou fè yon ti rapèl. Se sou premye Prezidans Dèfen Preval la nan l’âne 1996, vag privatizasyon yonte komanse. Te gen òganis ki te rele Konsèy Modènizasyon Antrepriz Piblik (CMEP) ki te vize anviwon 55 antrepriz piblik konsa. Pami yo te gen Teleco, Minotri Dayiti (devni Les Moulins d’Haiti), Siman Dayiti (Ciment d’Haiti), Elektrisite DayitBank Popilè Ayisyen (BPH), Bank Nasyonal Kredi (BNC), Sikreri Welch ak Dabòn (Darbonne), izin Bè kite nan Sid peyi a, filati Gonayiv, AAN, APN, izin lwil ENAOL...

Nap raple tou se nan lane 1969 ke Leta ayisyen te achte yon Farin nan men Caribean Mill Inc S.A. Yon dekrè 20 mas 1969 te vin kreye Minotri Dayiti. M fè ti rapèl sa menmsi se pa minotri nou tap trete kòm sijè.

Ann kontinye ak egzanp yo.

Nan Repiblik Sosyalis Kiba, avan revolisyon Kastris la, se te yon gwoup moun byen distenk ki te nan zafè pwodiksyon sik ak tabak. Lè revolisyon an fèt, tout antrepriz ki te nan domèn sa yo te vin nasyonalize.

Menm jan an tou, nan Repiblik Bolivaryèn Venezyela, rejim Tchavès (Hugo Chavez) la te nasyonalize eksplwatasyon petwòl epi deklare ditilite piblik anpil tè ak domèn ki te nan men sektè prive a.

Gen anpil lot egzanp ankò m te ka pran nan mond lan. Men m rete kwè egzanp sa yo sifi pou nou konprann reyalite sa.

Map fè nou konnen tou, chwa privatizasyon an depann anpil de politik ekstèn yon peyi ak relasyon entènasyonal ekonomik peyi a tou. Menm si tou chwa nasyonalizasyon an depann de relasyon diplomasi ak kèk peyi m’en Li plis chita sou politik enteryè yon peyi.

Aloske Li pi fasil jodia pou soti nan nasyonalizasyon pouw antre nan privatizasyon; Li difisil anpil pou yon gouvènman chwazi yon bon jou li leve epi Li antre nan nasyonalizasyon. Devan kapitalis, se yon gwo radiyès paske se ekonomi an kap mennen politik entèn yo. Anpil gè kap fèt jodia se plis pou enterè ekonomik yon ti gwoup oligachik mondyal. Moun sa yo pap ezite pandan yon segond finanse nenpòt gè sivil oubyen nenpòt konfli ame nasyonal, entènasyonal pou sovgade enterè ekonomik yo.

Yon peyi ki gen yon nivo ekonomik ki plizoumwen ka fè fas a presyon entènasyonal poul kenbe yon minimòm nasyonalizasyon sèvis piblik. Men kanta pou peyi sou devlope yo oubyen peyi emèjan yo pou evite anpil latwoubay yo oblije konfòme politik ekonomik yo nan sans privatizasyon.

Banm fè yon ti ralanti nan devlòpman sijè a poum pwodwi yon ti rezèv.

Filozofi ekonomik aprann nou se pa tout chwa ekonomik ki move. Sa vle di tou piga nou wè nan privatizasyon oubyen nan nasyonalizasyon yon move bagay. Toulede gen bon ak move kote yo. Sèlman yo chak gen sitiyasyon sosyoekonomik kote yo ka aplike pou yon pi bon rezilta. Pafwa nan antètman yon rejim oubyen tandans Li wè nan lot la yon démon oubyen yon djab! Men se pa vre.

Pa egzanp, nan yon peyi ki gen yon fèb PNB (Pwodwi Nasyonal Bri =Produit National Brut) epi kote bezwen sosyal yo ijan, epi kote yon ti gwoup privilejye ap toupizi yon majorite mizerab, m estime nasyonalizasyon an pi aplikab. Aloske nan yon peyi kote dirijan Leta yo parese epi kòwonpi, òpòtinis, yon privatizasyon ap fè plis byen pou konkiranse Leta epi ede bay pi bon sèvis.

M’en kote mal la ye a, nou ponkò manyenl.

Privatizasyon an ak Nasyonalizasyon an fè plis mal lè bonè komen oubyen pwofi kolektivite a pa vize. Nenpòt nan operasyon sa yo dwe fèt gradyèlman epi ak transparans ki chita sou bon jan dyalòg ak popilasyon pou yo konprann chwa a. Sinon sa ap fè plis mal ke byen. Nan chwa sa tou se pou nou detemine eske se bonè kolektivite a nap chache oubyen enterè ti gwoup moun ki rich anpil yo deja nap pwoteje.

Ewòd Chanèl, Avoka, Ayisyen
Sekretè Jeneral ULH
... See More Voir plusSee Less Voir moins

2 days jours ago Il y a  ·  

View on Facebook Vue sur Facebook

Au tout début de l'an 1830, les juifs du monde entier dont ceux de Pologne, du Liban, de la Syrie et d'Egypte trouvent réfuge en Ayiti. Ils entendent parler de la terre de liberté tandis qu'ils sont persécutés en Europe; ils lisent des articles publiés par les grands journaux de l'époque selon lesquels il suffit de fouler le sol Ayitien pour être à jamais libre. À l'arrivée d'Adolf Hitler au pouvoir, des intellectuels Ayitiens dont Dantès Bellegarde, Jacques Roumain, condamnent le nazisme. Cette condamnation du régime hitlérien par Ayiti a redonné confiance aux juifs mais les persécutions demeurent. En 1937, le gouvernement haïtien accepte les réfugiés politiques avant même de publier un décret-loi de naturalisation. 937 passagers, majoritairement juifs, fuyant le Troisième Reich à bord d'un paquebot qui a quitté Hambourg le 13 mai 1939 et refoulé de Cuba, sont arrivés en Ayiti. Le 29 mai 1939, le président Sténio Vincent publie le décret-loi qui octroie la "nationalité par contumace et la citoyenneté haïtienne in absentia" aux réfugiés juifs d'Haïti. Le 12 décembre 1941, quelques jours après l'attaque de Pearl Harbor, le président Élie Lescot déclare la guerre aux forces de l'Axe et accorde un passeport à tout Juif le sollicitant. #PROFILE_AYITI #Ayiti_Pam! ... See More Voir plusSee Less Voir moins

2 days jours ago Il y a  ·  

View on Facebook Vue sur Facebook